POLITIK KONFIDANSYALITE

Nan rezime sa, w’ ap jwenn tout pwen kle ki nan politik konfidansyalite nou an, w’ap kapab jwenn plis detay sou nenpòt nan sijè sa yo lè ou klike sou lyen chak pwen kle yo, oswa si ou sèvi ak tab matyè nou an pou ou jwenn seksyon ke w’ ap chèche a.


1. Ki enfòmasyon pèsonèl nou trete?

Lè ou vizite, itilize, oswa navige sou platfòm nou an, nou ka trete enfòmasyon pèsonèl ou yo. Pou sa, nou baze sou fason ou kominike avèk UP Learning e ak sèvis nou yo, sou chwa ou fè yo, pwodwi ak karakteristik ou itilize yo, elatriye. Ou ka aprann plis sou ENFÒMASYON PÈSONÈL OU BAY NOU

2. Èske nou trete enfòmasyon pèsonèl sansib?

Nou pa trete enfòmasyon pèsonèl sansib.

3. Èske nou resevwa enfòmasyon nan men twazyèm pati?

Nou pa resevwa okenn enfòmasyon nan men twazyèm pati.

4. Ki jan nou trete enfòmasyon ou yo?

Nou trete enfòmasyon ou yo pou nou ka ba ou, amelyore ak administre sèvis nou yo, pou kominike avèk ou, pou sekirite ak prevansyon fwod, epi pou respekte lalwa. Nou ka trete enfòmasyon ou yo tou pou lòt rezon avèk konsantman ou. Nou trete enfòmasyon ou yo sèlman lè nou gen yon rezon legal valab pou fè sa. Ou ka aprann plis sou POUKISA NOU TRETE DONE OU YO.

5. Nan ki sitiyasyon epi ak ki kalite pati nou pataje enfòmasyon ou yo?

Nou ka pataje enfòmasyon ou yo nan sitiyasyon espesifik ak kèk kategori twazyèm pati espesifik. Ou ka aprann plis sou DIVILGASYON LEGAL.

6. Ki jan nou pwoteje enfòmasyon ou yo?

Nou gen kapasite òganizasyonèl, pwosesis teknik ak pwosedi an plas pou pwoteje enfòmasyon pèsonèl ou. Sepandan, lè nou pran an kont risk ki egziste yo, nou pa ka garanti yon sekirite absoli, ap toujou gen yon risk pou aksè san otorizasyon, kidonk se yon risk ou chwazi pran ak konsantman total ou lè ou pataje done ou yo ak nou. Ou ka aprann plis sou SEKIRITE DONE OU YO.

7. Nan ki sitiyasyon epi ak ki kalite pati nou pataje enfòmasyon ou yo?

Nou ka pataje enfòmasyon ou yo nan sitiyasyon espesifik ak kèk kategori twazyèm pati espesifik. Ou ka aprann plis sou DIVILGASYON LEGAL.

8. Ki dwa ou genyen?

Tou depann de ki pozisyon jewografik ou rezide, lwa sou vi prive ki aplikab nan zòn sa, sa ka pèmèt ou genyen kèk dwa konsènan done pèsonèl ou. Ou ka aprann plis sou KI DWA OU GENYEN? .

Kontakte nou atravè imel nou an privasite@uplearninght.com. N’ ap konsidere epi aji sou nenpòt demann an akò ak lwa pwoteksyon done ki aplikab yo.

POLITIK NOU

Politik konfidansyalite UP Learning sa ("Konpayi an", "nou"), dekri kijan ak poukisa nou ka kolekte, konsève, itilize ak/oswa pataje ("trete) enfòmasyon ou yo lè ou itilize sèvis nou, pa egzanp lè ou:

  • Vizite sit entènèt nou an https://www.uplearninght.com, epi ou kreye yon pwofil itilizatè.
  • Angaje ak nou nan lòt rapò, tankou lavant, piblisite oswa evènman.


1. Kesyon oswa enkyetid?

Lè ou li politik konfidansyalite sa, w’ ap konprann dwa ou ak chwa ou sou koze enfòmasyon prive. Si ou pa dakò ak règleman ak pratik nou yo, tanpri pa pran sèvis nou yo. Si ou toujou gen kesyon oswa enkyetid, tanpri kontakte nou nan imel nou privasite@uplearninght.com.

Lè ou aksede oswa itilize sèvis nou, ou dakò e bay konsantman ou pou nou kolekte, konsève epi itilize enfòmasyon ou yo an akò ak politik konfidansyalite sa a. Si ou pa konsanti pati sa a, tanpri pa aksede oswa itilize sèvis nou yo.

Nou adopte politik sou enfòmasyon prive sa a, ki tabli fason nou trete enfòmasyon ki kolekte sou https://www.uplearninght.com, ki bay tou rezon ki fè nou bezwen kolekte kèk done pèsonèl sou ou. Se poutèt sa, ou dwe li politik konfidansyalite sa byen anvan menm ou itilize nenpòt sèvis sou https://www.uplearninght.com.

Li enpòtan pou ou konnen ke ou ka vizite sit entènèt la san ou pa revele enfòmasyon pèsonèl ou yo ba nou, ou ka jwi kèk sèvis nou genyen, tankou blog nou an. Sepandan, genyen kèk karakteristik sou platfòm nou an, pou ou sèvi ak yo, ou dwe kreye yon kont, kidonk, bay nou kèk done pèsonèl, tankou adrès imel ou, non konplè ou, laj ou, elatriye. Ou ka chwazi pa bay nou done pèsonèl ou, men lè sa a ou pap kapab itilize tout sèvis nou yo, tankou enskri nan yon kou.

2. Modifikasyon politik konfidansyalite sa.

Nou ka modifye politik sa a nenpòt ki lè san avèti ou davans, epi pibliye nouvo politik la. Modifikasyon sa a ap antre anvigè nan 30 jou natirèl apati jou nou pibliye li a. W’ap resevwa yon notifikasyon sou sit nou an ki fè ou konnen ke politik nou an modifye e ke ou dwe revise li e aksepte nouvo kondisyon ki ladanl yo. Si ou kontinye aksede oswa itilize sèvis nou yo aprè dat efektif modifikasyon an, sa a reprezante akseptasyon ou epi konsantman ou sou nouvo politik la. Se poutèt sa, nou rekòmande pou ou konsilte paj sa politik konfidansyalite nou sa a detanzantan.

ENFÒMASYON PÈSONÈL OU BAY NOU

Nou kolekte enfòmasyon pèsonèl ou bay nou volontèman lè ou anrejistre nan sèvis nou yo, lè ou eksprime yon enterè pou jwenn enfòmasyon sou nou oswa sou pwodwi nou yo, lè ou patisipe nan aktivite sou platfòm nou an, oswa otreman lè ou kontakte nou.

Enfòmasyon pèsonèl nou kolekte yo depann de kontèks entèraksyon ou avèk nou (tankou fòm enskripsyon sit entènèt nou an), chwa ou fè yo, ak pwodwi ak karakteristik ou itilize yo. Enfòmasyon pèsonèl nou kolekte yo ka gen diferan eleman sa yo:

  • Non konplè.
  • Adrès imel.
  • Laj (nou pa konsève done sa)

ENFÒMASYON PÈSONÈL NOU KOLEKTE OTOMATIKMAN

Lè ou vizite https://www.uplearninght.com, nou otomatikman kolekte kèk enfòmasyon sou aparèy ou an, ki gen ladan enfòmasyon sou navigatè entènèt ou a, adrès IP, fizo orè, ak kèk cookies ki enstale sou aparèy ou an. Anplis de sa, pandan w’ ap navige sou sit la, nou kolekte enfòmasyon sou paj wèb yo oswa pwodwi endividyèl ou wè yo, sit entènèt yo oswa tèm rechèch ki refere ou sou sit la, ak fason ou kominike avèk sit la.

  • Non konplè.
  • Adrès imel.
  • Laj (nou pa konsève done sa)
Rezime enfòmasyon nou kolekte yo:
Tip Deskripsyon Kolekte
A. Done pou idantifikasyon Enfòmasyon sou kontak, tankou non reyèl, imel, nimewo telefòn. WI
B. klasifikasyon karakteristik Sèks, ras, dat nesans, elatriye. NON
C. Enfòmasyon biometrik Anprent dwèt ak vwa. NON
D. Aktivite sou entènèt Istoryèl navigasyon, istoryèl rechèch, konpòtman sou entènèt, done,
entèraksyon ak sit entènèt nou yo oswa ak lòt, aplikasyon, sistèm, ak piblisite.
WI
Enfòmasyon pèsonèl ak sansib NON

POUKISA NOU TRETE DONE OU YO?

Pi gwo priyorite nou se sekirite done kliyan nou yo, e se pou sa nou sèlman trete done minimal sou itilizatè, e sèlman lè li nesesè pou bay sèvis nou an. Trètman done ou yo fèt pou rezon sa yo:

  • Pou fasilite kreyasyon ak otantifikasyon kont epi jere kont itilizatè yo. Nou ka trete enfòmasyon ou yo pou ou ka kreye ak konekte nan kont ou, epitou kenbe kont ou an fonksyonèl.
  • Pou bay ak fasilite itilizatè a sèvis yo. Nou ka trete enfòmasyon ou yo pou ba ou sèvis ou mande a.
  • Pou reponn demann itilizatè / pou bay sipò. Nou ka trete enfòmasyon ou yo pou reponn a demann ou yo epi rezoud nenpòt pwoblèm potansyèl ou ka genyen ak sèvis ou mande a, kidonk pou garanti yon bon sèvis kliyantèl.
  • Pou voye enfòmasyon administratif. Nou ka trete enfòmasyon ou yo pou voye detay sou pwodwi ak sèvis nou yo, chanjman nan kondisyon ak règleman nou yo, ak lòt enfòmasyon ki similè.
  • Pou pèmèt kominikasyon itilizatè a itilizatè ak enstriktè a itilizatè. Nou ka trete enfòmasyon ou yo si ou chwazi sèvi ak “fowòm” nou an oswa sèvis chat prive pou kominike ak enstriktè a oswa lòt itilizatè yo.
  • Pou mande ou komantè. Nou ka trete enfòmasyon ou yo pou mande ou fè komantè oswa kritik ou konsènan itilizasyon sèvis nou yo.
  • Pou voye pwomosyon ak piblisite. Nou ka trete enfòmasyon pèsonèl ou yo pou nou voye piblisite oswa pwomosyon. Sonje ke, si sa pa an akò ak preferans ou, ou ka sispann imèl sa yo nenpòt ki lè.
  • Pou pwoteje sèvis nou yo. Nou ka trete enfòmasyon ou yo nan efò nou pou kenbe sèvis nou yo an sekirite, tankou pou siveyans ak prevansyon sou fwod.
  • Pou evalye ak amelyore sèvis, pwodwi, piblisite nou yo ak eksperyans ou. Nou ka trete enfòmasyon ou yo jan nou kwè li nesesè pou idantifye tandans itilizasyon, detèmine efikasite kanpay pwomosyon nou yo, epi evalye ak amelyore sèvis ak pwodwi nou yo, epi amelyore eksperyans ou.
  • Pou respekte obligasyon legal nou yo. Nou ka trete enfòmasyon ou yo pou nou respekte obligasyon legal nou yo, reponn a demann legal yo epi egzèse, etabli oswa defann dwa legal nou yo.
  • Pou fè pèman. Nou ka trete enfòmasyon ou yo pou peye enstriktè ki gen kou ak kontni sou sistèm nou an.
  • Pou trete pèman ou yo. Nou ka trete enfòmasyon ou yo pou idantifye lè ou fè yon pèman e pou ba ou resi pèman ou an.
  • Pou rezon sekirite. Nou ka trete enfòmasyon ou yo pou detekte e anpeche tranzaksyon fwod ak lòt aktivite ilegal epi pwoteje dwa nou, pwopriyete ak dwa lòt moun.

KONSÈVASYON DONE

Nou konsève enfòmasyon pèsonèl yo jiskaske itilizatè yo efase kont yo oswa toutotan nou bezwen li pou akonpli objektif nou te kolekte yo pou li a, jan sa etabli nan politik sa a. Nou ka bezwen konsève kèk enfòmasyon pou yon peryòd ki pi long, tankou konsève dosye/rapò an akò ak lwa aplikab oswa pou lòt rezon lejitim tankou ranfòsman dwa legal, prevansyon fwod, elatriye. Nou ka konsève pou plis tan lòt enfòmasyon anonim ak total, ki pa idantifye ou (dirèkteman oswa endirèkteman).

KI DWA OU GENYEN?

Tout itilizatè yo gen dwa sa yo ki gen rapò ak done pèsonèl yo:

  • Dwa pou yo rete enfòme ak transparans.
  • Dwa aksè.
  • Dwa rektifikasyon.
  • Dwa pou efase done yo.
  • Dwa pou limite trètman done yo.
Si ou vle egzèse youn nan dwa sa yo, tanpri kontakte nou privasite@uplearninght.com.


1. Dwa aksè

Nou pran angajman pou rekonèt dwa aksè ak rektifikasyon moun ki konsène yo, e ki vle konsilte, modifye, oswa menm efase enfòmasyon ki konsène yo.

2. Dwa ak ka espesyal.

Si tout fwa enfòmasyon nou kolekte yo asosye ak yon moun ki idantifye oswa ki kapab idantifye ke enfòmasyon sa yo pwoteje kòm done pèsonèl dapre GDPR (General Data Protection Regulation ) ak/oswa CPPA (California Consumer Privacy Act), nou refere a enfòmasyon sa yo nan politik konfidansyalite sa kòm "done pèsonèl".
Sou rezèv eksepsyon lalwa bay, ou ka gen dwa pou:

  • Mande yon kopi done pèsonèl nou genyen sou ou yo.
  • Mande korije done pèsonèl nou genyen sou ou yo.
  • Mande efase kont ou oswa done pèsonèl ou
  • Fè objeksyon kont tretman done pèsonèl ou pou nenpòt rezon
Pou aksede ak dwa konfidansyalite ou yo, kontakte nou nan imel privasite@uplearninght.com.

An jeneral n’ ap trete demann ou yo nan espas yon mwa anviwon. Nou ka bezwen mande ou enfòmasyon espesifik pou ede nou konfime idantite ou ak/oswa jiridiksyon ou rezide a. Si demann ou an konplike oswa ou te fè yon gwo kantite demann, sa ka pran nou plis tan. N’ ap fè ou konnen si nou bezwen plis pase yon mwa pou reponn.

ÈSKE NOU ITILIZE COOKIES?

Nou ka itilize cookies ak teknoloji similè (tankou piksèl) pou jwenn aksè oswa konsève enfòmasyon. Enfòmasyon espesifik sou fason nou itilize teknoloji sa yo ak fason ou ka refize cookies yo dekri nan “politik sou cookies” nou an.
Pou aprann plis sou fason nou itilize cookies ak chwa ou yo konsènan teknoloji sa yo, tanpri al gade nan “politik sou cookies” nou an.

ÈSKE NOU ITILIZE COOKIES?

Platfòm nou an ka genyen lyen ki mennen nan lòt sit entènèt ke nou pa ni posede ni kontwole. Tanpri sonje ke nou pa responsab lòt sit entènèt sa yo oswa pratik konfidansyalite twazyèm pati sa yo.

Nan ka ke nou ta genyen yon lyen yon twazyèm pati sou platfòm nou an, sa pa vle di yon apwobasyon nan non nou, nou pa ka garanti sekirite ak konfidansyalite done ou bay twazyèm pati sa yo. Kidonk, nou pa bay okenn garanti konsènan twazyèm pati sa yo, epi nou pa responsab kelkeswa pèt oswa domaj ki koze pandan itilizasyon sit entènèt oswa sèvis yon twazyèm pati. Nenpòt done ke yon twazyèm pati kolekte pa konsidere nan politik konfidansyalite sa a.

Nou ankouraje ou pou ou pote anpil atansyon lè ou kite sit entènèt nou an, pou ou ka li deklarasyon oswa politik sou enfòmasyon prive chak sit entènèt ki ka kolekte enfòmasyon pèsonèl ou.

SEKIRITE DONE OU YO

Nou pran swen done pèsonèl ou epi nou pran angajman pou prezève konfidansyalite ak sekirite done ou yo. Nou sekirize enfòmasyon ou bay you nan yon anviwònman ki kontwole e ki an sekirite, ki pwoteje kont aksè, itilizasyon oswa divilgasyon san otorizasyon. Nou fè jesyon rezonab, teknik ak fizik pou pwoteje kont aksè san otorizasyon, itilizasyon, modifikasyon ak divilgasyon done pèsonèl ou yo. Sepandan, malgre pwoteksyon nou yo ak efò nou yo pou sekirize enfòmasyon ou yo, pa gen okenn sit entènèt oswa rezo san fil ki ka garanti a 100% sekirite done pèsonèl, kidonk nou pa ka pwomèt oswa garanti ke entwi, cyber kriminèl oswa lòt twazyèm pati san otorizasyon p’ ap kapab defèt baryè nou yo epi kolekte, jwenn aksè, vòlè oswa modifye enfòmasyon ou yo.

Menm jan pou nenpòt sistèm ki konekte ak entènèt la, risk yo anpil, nou pa ka garanti ou yon sekirite total e absoli, ap toujou gen yon risk pou aksè san otorizasyon, kidonk se yon risk ou chwazi pran ak konsantman total ou.

Li enpòtan pou ou pwoteje modpas ou epi kontakte nou si ou sispèk aktivite ke ou pa rekonèt sou kont ou.

DIVILGASYON LEGAL

Nou ka divilge nenpòt enfòmasyon nou kolekte, itilize oswa resevwa si lalwa mande oswa pèmèt nou fè sa, tankou pou nou konfòme nou ak yon manda oswa yon pwosesis legal, epi lè nou kwè ak bòn fwa ke divilgasyon an nesesè pou pwoteje dwa nou yo, sekirite oswa sekirite lòt moun, fè rechèch sou fwod oswa reponn a yon demann leta.


1. Kijan nou ka pataje enfòmasyon

Nou ka pataje enfòmasyon pèsonèl ou nan sitiyasyon sa yo:

  • Founisè Sèvis Twazyèm Pati. Nou ka pataje done ak founisè sèvis, kontraktè oswa ajan ki fè tranzaksyon oswa fè sèvis sou non nou, tankou moun ki ede nou nan aktivite biznis nou yo ak operasyon entèn yo tankou pwosesis pèman, prevansyon fwod, sèvis kliyantèl, pèsonalizasyon, piblisite, sèvis analiz done tankou Google Analytics.
  • Aktivite entèn yo. Nou ka pataje done nan ka yon tranzaksyon oswa biznis ant antrepriz; tankou yon fizyon oswa akizisyon total oswa akizisyon yon pati nan biznis nou an; nan ka reyòganizasyon antrepriz la; nan ka fayit, finansman oswa vant aktif konpayi an.
  • Pou respekte lalwa. Nou ka pataje done pou fasilite pwosedi legal yo nan ka yon demann legal otorite piblik yo, konsa tou pou satisfè egzijans sekirite nasyonal oswa aplikasyon lalwa, jan lalwa mande e pèmèt li a.
  • Avèk konsantman ou. Nou ka pataje done ak twazyèm pati lè nou gen konsantman ou.

DONE TIMOUN

Moun ki poko genyen 18 an, men nan peyi yo, ki genyen laj ase pou bay konsantman yo sou itilizasyon done yo sou entènèt (pa egzanp, 13 an Ozetazini), pa ka kreye yon kont; men yo ka mande yon paran oswa yon reprezantan legal (titè) pou louvri yon kont epi ede yo jwenn aksè nan kontni ki apwopriye yo sèlman. Moun ki poko gen laj pou bay konsantman yo sou sèvis entènèt yo, yo pa ka itilize sèvis nou yo. Si nou aprann ke nou te kolekte done pèsonèl sou yon timoun ki poko gen laj minimòm pou bay konsantman li, n’ ap pran mezi rezonab e nesesè epi efase tout done li yo.

Si yon paran ta kwè ke san ran nou kont, nou ta kolekte done pèsonèl ki gen rapò ak yon minè ki poko gen laj minimòm pou bay konsantman, tanpri voye yon demann pou efase done sa yo nan privasite@uplearninght.com.

TRANSFÈ ENFÒMASYON ETAZINI AK LÒT PEYI

Enfòmasyon nou kenbe yo ka konsève ni andedan ni deyò Etazini. Nenpòt kote ou reside a, ou konsanti ke ou konprann, dakò e aksèpte ke nou kapab transfere enfòmasyon ou yo Ozetazini oswa nan lòt peyi, e ke lwa Etazini oswa lòt peyi sa yo ka pa bay menm nivo pwoteksyon ak sa ki nan peyi ou a.

KOUMAN OU KA KONTAKTE NOU?

Si ou vle kontakte nou pou ou konprann plis sou politik konfidansyalite sa a, oswa si ou vle kontakte nou konsènan nenpòt kesyon ki gen rapò ak dwa endividyèl ak enfòmasyon pèsonèl ou yo, ou kapab itilize youn nan mwayen ki anba a: