Devni yon pwofesè sou Up Learning

Pou ou ka ansenye sou Up Learning, tanpri ranpli fòmilè ki anba a. Si ou gen kèk dout sou pwosesis la, tanpri kontakte nou sou +1 (970) 804-7849 oubyen ekri nou sou enfo@uplearninght.com. Oublyen Klike sou lyen sa pou ou ka ekri nou dirèk sou sit la.

Kòmanse ansenye

Ou kapab devni yon zetwal, kite nou ede ou eksploze pou ou ka briye.

Se premye pa a ki pi difisil, ou prèske fè li.

Kreye yon kont

Premye pa a se voye demann ou an pou nou.

Ajoute kou ou ap ansenye yo

Lè kont ou an aksepte, ajoute kou ou vle ansenye.

Kòmanse fè kòb

Chak elèv ki enskri, se plis kòb ou ap antre.

Tanpri, ranpli fòmilè sa.

Kòman pou ou devni yon pwofesè?

Devni yon pwofesè

Pou ou devni yon pwofesè, premye pa a se ranpli fòmilè ki agoch la. Tanpri bay tout enfòmasyon nou mande yo.

Nou ap kontakte ou pou yon senp tès ki gen pou wè a kapasite ou sou kou ou vle ansenye yo.

Wòl pwofesè yo

Pwofesè nou yo sipoze kapab itilize lojisyèl enfòmatik ki pi popilè yo, kòm pwofesè responsablite ou yo ap anpil. Fòk ou kapab:

  • Gen aksè a yon laptòp
  • Konn ekri kreyòl byen
  • Gen kapasite pou ou transmèt enfòmasyon
  • Gen disponiblite pou ou rezoud dout elèv ou yo
Kòmanse ansenye

Lè ou fin pase tout etap nou yo, ou ap prè pou ou kòmanse ansenye sou Up Learning. ... Nou ap toujou veye dewoulman ou pandan ou ap transmèt enfòmasyon e aprann. Objektif nou se pou ou pwogrese epi ede jèn ayisyen yo pwogrese. Fè kòb pandan ou ap transmèt enfòmasyon ou e aprann.