Byenvini, kòman nou kapab ede ou?

Kesyon yo plis poze

UP Learning se yon platfòm pou ansèyman ak aprantisaj vityèl (sou entènèt), konplètman an kreyòl. UP Learning ofri kou sou divès sijè, ki vize nenpòt ki moun ki entèrese (etidyan, moun ki fini lekòl, pwofesyonèl, elatriye) kidonk kèlkeswa nivo akademik moun nan. Kou yo ka entegre divès kalite kontni (videyo, dokiman Power Point, PDF, klas, ak materyèl pou sipò oswa konpleman).
UP Learning ofri tou yon blog, ki se yon espas kote ou ka jwenn konesans jeneral sou sijè ki enteresan ak sijè aktyalite, yon fason pou ou toujou rete ajou sou reyalite ak evènman ki pi enpòtan yo atravè mond lan.
Sou platfòm la ap gen plizyè kou disponib, kou ke enstriktè yo piblliye e ki lye ak tout kalite matyè ak branch tankou:
  • Office.
  • Biznis.
  • Syans enfòmatik.
  • Teknoloji enfòmasyon.
  • Jeni, Sante.
  • Syans debaz (matematik ak lojik, fizik, chimi).
  • Devlopman pèsonèl.
  • jesyon pwojè, elatriye.
  • Fleksibilite: Itilizatè yo jwenn aksè nan kontni ak klas yo atravè nenpòt aparèy, nan nenpòt ki moman, nenpòt kote.
  • Aprantisaj kolaboratif: Itilizatè yo aprann de enstriktsè yo epi tou yo aprann de tout kominote itilizatè yo atravè chak apòtasyon yon lòt itilizatè (komantè, repons, kesyon).
  • Otonomi ak responsablite: Etidye a distans pèmèt ou devlope otonomi ak responsablite paske se ou menm ki chwazi rit ak fason pou ou etidye, ki adapte ak tan ou selon responsablite ak nesesite ou genyen.

Sa depann de nivo kou a. Nan yon kou pou debitan, pa gen okenn konesans debaz ki nesesè, kontni enstriktè yo dwe gide ou depi soti nan premye etap la. Pou nivo entèmedyè ak avanse, li ap byen defini nan deskripsyon kou a ki konesans debaz/jeneral ki ap plis optimize aprantisaj ou pou kou sa, e ki ta swa preferab swa obligatwa pou ou ta genyen..

Wi, nan deskripsyon chak kou w’ ap jwenn enfòmasyon sou pri kou a. Kontni ki sou blog nou an gen aksè gratis pou tout moun.
Pou ou enskri, ou dwe konekte sou kont ou, navige ale nan kou ki enterese ou a, klike sou "plis detay" epi klike sou bouton "enskri nan kou sa". Aprè sa, ou dwe kontinye ak pwosesis pèman an atravè divès fòm pèman ki disponib yo. Yon fwa ke ou fin fè pèman an (epi voye fich pèman an, si li pa reyalize atravè kat labank), aksè ou ap aktive, epi w’ ap resevwa yon imel konfimasyon.
Ou ka aksede nan kou yo atravè divès aparèy tankou òdinatè, Laptop, Smartphone, tablèt, elatriye.
Yon fwa ke ou fin anrejistre nan kou a, ou kapab antre nan kou a lè ou klike sou lyen ou pral resevwa nan imèl konfimasyon an (Fòk ou konekte sou kont UP Learning ou). Ou kapab kòmanse kou a tou lè ou konekte sou kont ou epi navige dirèkteman nan kou ou vle a.
Pou ou pran kou sou platfòm nan, ou sèlman bezwen aksè ak entènèt ak yon aparèy pou ou konekte (òdinatè, laptop, smartphone, elatriye).
Ou ka pran kou a kantite fwa ke ou vle, pa gen okenn dat limit ni pou kòmanse ni pou fini kou yo, jiskaske ou deside finalize kou a. Sonje se lè ou klike sou bouton “finalize kou a”, sètifika ou a ap kreye epi delivre.
Nan deskripsyon chak kou ou kapab wè dire kontni an konplè (klas, videyo). Sepandan, se ou menm ki ap defini vitès aprantisaj la, èske ou vle ale vit oswa modere, fason ki pèmèt ou aprann pi alèz la. Kou a ap toujou disponib pou ou depi ou fin achte li menm si ou ta fini ak tout leson yo, w’ap kapab aksede ak leson yo jiskaske ou deside finalize li pou ou kapab resevwa sètifika akonplisman kou sila a.
Nan ka difikilte teknik, tanpri eseye rechaje (refresh) paj la. Men, si sa pa fonksyone, kontakte nou nan imel nou sipo@uplearninght.com, nan OBJÈ imel la mete (Difikilte teknik ak non ou) epi eksplike nou difikilte ou rankontre a pou nou kapab solisyone sa pi rapid posib.
Nan fen chak kou w’ ap resevwa yon sètifika akonplisman ki ap sètifye ke ou konplete tout kontni kou a, epi ki ap sèvi ou kòm akreditasyon e ratifikasyon de nouvo konpetans sa yo ou devlope yo.
Lè ou fini yon kou, klike sou bouton "finalize kou a", epi sistèm nan ap jenere epi delivre ou yon sètifika ki ap genyen: done pa ou, enfòmasyon sou kou a “eskil, elatriye”, epi w’ ap kapab telechaje sètifika sila a sou fòma PDF.
Pou ou kapab genyen sètifika sila a, ou dwe konplete 100% kontni kou a epi tou reyalize 100% egzèsis oswa kesyonè ke kou a genyen si e sèlman si li ta genyen yo, epi klike sou bouton “finalize kou a”. Li enpòtan pou ou sonje ke ou pap genyen aksè ak kou sila a ankò yon fwa ke ou finalize li e ou resevwa sètifika a, a mwens ke ou reenskri ladan li.
Si ou genyen kesyon oswa enkyetid, ou ka itilize espas “fowòm” ke w’ ap jwenn nan kou a pou poze kesyon ou gen yo, konsa nenpòt lòt itilizatè ki enskri nan kou sila a kapab reponn e bay yon ide sou enkyetid sa. Oswa tou, ou kapab kontakte enstriktè dirèkteman nan espas mesaj la, enstriktè a ap kapab reponn ou nan tan ki pi rapid e posib pou li a.
Fowòm nan se yon espas kote tout itilizatè ka fè kòmantè, poze kesyon, reponn, agimante, debat, epi ede youn lòt ant itilizatè ki enskri nan yonmenm kou.
Itilizatè yo pa gen dwa telechaje videyo yo oswa klas yo. Se sèlman konpleman yo ak/oswa materyèl sipò yo, yo dwe telechaje.
Chèche fason/mwayen pou telechaje ak pataje kou a, pataje lyen aksè dirèk, ak/oswa anrejistre kou a epi pataje li konsidere kòm zak fwod e ilegal, e UP Learning rezève dwa li pou pran tout aksyon legal kont aktivite sa yo. Revize Tèm ak Kondisyon nou yo pou plis detay sou aktivite ki entèdi yo.
Sonje ke nou la pou nou ede ou jwenn satisfaksyon ak bon aprantisaj.
  • Pou nenpòt enfòmasyon konsènan itilizasyon sèvis nou yo, tanpri kontakte nou nan: enfo@uplearninght.com.
  • Pou nenpòt enfòmasyon konsènan privasite done pèsonèl, tanpri kontakte nou nan: privasite@uplearninght.com.
  • Pou nenpòt enfòmasyon konsènan tèm ak kondisyon legal nou yo, tanpri kontakte nou nan: sipo@uplearninght.com.
  • Pou nenpòt enfòmasyon konsènan pèman ak tranzaksyon, tanpri kontakte nou nan: payment@uplearninght.com.
  • Oswa pou nenpòt enfòmasyon an jeneral, kontakte nou nan nimewo sa yo XXXXXXXXXX / XXXXXXXXXX.
Objektif prensipal nou se satisfè ou, kidonk si ou gen yon bagay spesifik ke ou pa satisfè de li, tanpri kontakte nou nan enfo@uplearninght.com, epi pataje ka a avèk nou pou nou kapab amelyore e ba ou yon sèvis ki pi bon de jou an jou. Yon fwa ke ou aksede nan kontni yon kou, nou konsidere ke ou konsome li.
Ou kapab reyalize pèman kou yo nan youn nan fason nou genyen ki disponib yo:
  • Ak kat debi oubyen kat kredi dirèkteman sou platfòm nan (Visa, MasterCard) Pou peman ki fèt ak kat labank, aksè nan kou a ap aktive otomatikman.
  • Ak sèvis Zelle, Ou ka fe transfè sou nimewo XXXXXXXXX ak non AAAAAAAAAAAAAAAA.
  • Ak sèvis MonCash, Ou ka fe transfè sou nimewo XXXXXXXXX ak non AAAAAAAAAAAA. oswa eskane kòd QR ke ou jwenn sou sit nou an (QR MonCash).
Pou pèman MonCash ak Zelle yo, ou dwe voye prèv pèman an (fich, mesaj notifikasyon Aplikasyon MonCash oswa zelle), non konplè kont ki fè transfè a, nimewo telefòn ou fè transfè a, non ki sou kont Up learning nan, ak non kou ou peye a. Voye enfomasyon sa a sou WhatsApp nan nimewo XXXXXXXXXX si se Zelle ou te fè, oswa bay nimewo XXXXXXXXXX si se Moncash. Yon fwa ke nou konfime pèman, aksè ou nan kou a ap aktive, pwosesis sa ka pran jiska 2 jou ouvrab.

W’ ap kapab antre nan kou a lè ou klike sou lyen ou pral resevwa nan imèl konfimasyon an (Fòk ou konekte sou kont UP Learning ou). Ou kapab kòmanse kou a tou lè wou konekte sou kont ou epi navige nan kou a.
Nou itilize sèvis de konfyans ke tout lòt sit entenèt itilize pou reyalize pèman ou yo, anplis okenn done ki lye ak kat ou pa rete anrejistre nan sistèm nou an.
Pou ou devni yon enstrikè, klike sou bouton sa Kòmanse ansenye epi ranpli fomilè ou jwenn nan. Yon fwa ou fin fè sa, n’ap kontakte ou pou nou finalize pwosesis la.
Ou kapab wè rabè yo atravè platfòm nou an nan kou yo ap aplike a. Pa gen okenn rabè patikilye oswa pèsonèl.
Gen kèk pwomosyon ki kapab fèt atravè kòd pwomosyon ekip nou an swa sou rezo sosyal nou yo, oswa sou sit la, oswa lè anbasadè piblisite nou yo bay piblik la yon kòd pwomosyon.
Kantite kesyon
+20
Repons
+20

Kou ki pi popilè